Matye 7 KreyolAyisyen
🔊 Matye 7
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Pa jije, pou yo pa jije nou.
- 2 Paske, jan nou jije lòt moun yo, se li menm y'a jije nou tou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm y'a pran pou mezire nou tou.
- 3 Poukisa w'ap gade pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa w la?
- 4 Oubyen, kijan ou ka di frè ou: Kite m retire pay ki nan je ou la, epi men yon gwo bout bwa nan je pa ou la?
- 5 Ipokrit, retire gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou retire pay ki nan je frè ou la.
- 6 Pa bay chen bagay ki sen. Pa jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon, pou yo pa pile yo anba pye yo, pou yo pa vire tounen vin dechire nou.
- 7 Mande, epi y'a ba ou; chèche, epi n'a jwenn; frape, epi y'a louvri pou ou.
- 8 Paske nenpòt moun ki mande resevwa; moun ki chache jwenn; epi moun ki frape, y'a louvri pou li.
- 9 Oubyen kilès nan nou ki ta ba li yon wòch si pitit gason l mande l pen?
- 10 Oubyen si li mande yon pwason, èske la ba li yon sèpan?
- 11 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, alewè pou Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande l'.
- 12 Se poutèt sa, tou sa nou ta renmen lèzòm fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa a ak pwofèt yo di.
- 13 Antre nan pòt jis la. Paske, pòt la laj, chemen an gran. Se pòt la ki mennen nou nan destriksyon. Men anpil moun ki antre ladan l'.
- 14 Paske pòt ki jis la, chemen ki mennen nan lavi a etwat la. Men, se kèk moun ki jwenn li.
- 15 Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo vin sou nou ak rad mouton sou yo, men anndan kè yo se lou voryè.
- 16 N'a rekonèt yo sou fwi yo. Yo pa keyi rezen sou pye pikan, oubyen fig frans sou pye wonn?
- 17 Se konsa tout bon pyebwa bay bon fwi; men yon move pyebwa bay move fwi.
- 18 Yon bon pyebwa pa ka bay move fwi, ni yon move pyebwa pa ka bay bon fwi.
- 19 Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe l', jete l' nan dife.
- 20 Konsa, se grasa fwi yo n'a rekonèt yo.
- 21 Se pa tout moun ki di mwen: Senyè, Senyè, ki pral antre nan wayòm syèl la; men se moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.
- 22 Anpil moun pral di mwen jou sa a: Senyè, Senyè, èske nou pa t' pwofetize nan non ou? Nan non ou, nou te chase demon? Epi nan non ou, nou te fè anpil mirak?
- 23 Epi lè sa a, m'a di yo: Mwen pa janm konnen nou: retire kò nou devan m', nou menm k'ap fè lenjistis.
- 24 Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl mwen yo epi ki fè yo, m'ap konpare l' ak yon nonm saj ki te bati kay li sou wòch.
- 25 Lapli tonbe, gwo larivyè vini, van soufle frape kay la ak fòs, li pa tonbe paske li te fonde sou wòch.
- 26 Nenpòt moun ki tande pawòl mwen yo, epi ki pa fè yo, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab.
- 27 Lapli tonbe, gwo larivyè vini, van soufle sou kay la ak tout fòs li, li tonbe plat atè. Se yon gwo destriksyon li te fè.
- 28 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l' t'ap di a.
- 29 Paske li te konn anseye yo tankou yon moun ki gen otorite, epi li pa t' konn anseye yo tankou dirèktè lalwa yo.