ElohimEmet

Matye 5 KreyolAyisyen

🔊 Matye 5 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Lè Jezi wè foul moun yo, li monte sou yon mòn. Lè Jezi fin chita, disip li yo pwoche bò kote l'.
  2. 2 Epi li louvri bouch li, li moutre yo anpil bagay, li di:
  3. 3 Benediksyon pou pòv yo nan lespri, paske wayòm syèl la se pou yo li ye.
  4. 4 Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske y'ap jwenn konsolasyon.
  5. 5 Benediksyon pou moun ki dou yo, paske y'a eritye tè a.
  6. 6 Benediksyon pou moun ki grangou ak swaf jistis, paske y'ap jwenn sa yo bezwen.
  7. 7 Benediksyon pou moun ki gen mizèrikòd, paske y'a jwenn mizèrikòd.
  8. 8 Benediksyon pou moun ki gen kè pi, paske y'a wè Bondye.
  9. 9 Benediksyon pou moun k'ap chache lapè, paske y'a rele yo pitit Bondye.
  10. 10 Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon poutèt jistis, paske wayòm syèl la se pou yo li ye.
  11. 11 Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè va pèsekite nou, lè va di tout kalite move bagay sou nou pou bay manti, poutèt mwen.
  12. 12 Rejwi, epi fè kè nou kontan anpil, paske rekonpans nou gwo nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te anvan nou yo.
  13. 13 Nou se sèl latè a. Men, si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou yo sale l' ankò? Li pa vo anyen ankò. Se voye jete pou yo voye l' jete deyò, pou moun pile l' anba pye yo.
  14. 14 Nou se limyè mond lan. Yon vil ki chita sou yon mòn pa ka rete kache.
  15. 15 Ni moun pa limen yon lanp pou mete l' anba yon mazout. Men, yo mete l' sou yon pòtlanp pou l' klere tout moun ki nan kay la.
  16. 16 Konsa, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou yo ka wè bon zèv nou yo, epi pou yo ka fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
  17. 17 Pa mete nan tèt nou mwen vin pou aboli lalwa a oubyen pwofèt yo. Mwen pa vin pou aboli, men pou m akonpli.
  18. 18 An verite, m'ap di nou sa: Toutotan syèl la ak tè a pa la, pa gen yon sèl yota, ni yon sèl ti nòt ki pral disparèt nan lalwa a, jouktan tout bagay rive vre.
  19. 19 Nenpòt moun ki va dezobeyi youn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre moun fè menm jan an tou, y'a rele l' pi piti nan wayòm syèl la. Men, nenpòt moun ki va fè sa yo dwe fè epi ki va moutre moun fè sa yo dwe fè a, y'a rele l' gran nan wayòm syèl la.
  20. 20 Paske m'ap di nou sa: Si nou pa jis pi byen pase dirèktè lalwa yo ak farizyen yo, nou p'ap janm antre nan wayòm syèl la.
  21. 21 Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Ou pa dwe touye moun. Nenpòt moun ki touye moun, se pou yo jije l'.
  22. 22 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki fache sou frè l' san rezon, se pou l' anba jijman Bondye. Nenpòt moun ki joure frè l', moun fou, se pou l' anba kout jijman Gran Konsèy la. Nenpòt moun ki joure l', moun fou, se pou l' anba dife lanfè.
  23. 23 Se poutèt sa, si ou pote ofrann ou sou lotèl la, epi la ou chonje frè ou gen yon bagay kont ou;
  24. 24 Kite ofrann ou an la devan lotèl la, ale fè yon bon zanmi ak frè ou la anvan. Apre sa, vini ofri ofrann ou an.
  25. 25 Fè vit pou ou dakò ak lènmi ou pandan w'ap vwayaje avè l. Konsa, lènmi an p'ap lage ou nan men jij la, jij la p'ap lage ou nan men ofisye a, pou yo pa mete ou nan prizon.
  26. 26 An verite, m'ap di ou sa: Ou p'ap soti la toutotan ou pa fin peye dènye santim nan.
  27. 27 Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Ou pa dwe fè adiltè.
  28. 28 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki gade yon fanm pou l' gen lanvi sou li, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'.
  29. 29 Si je dwat ou a ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Paske, li pi bon pou ou pou yon sèl manm nan ou peri, pase pou tout kò ou al nan lanfè.
  30. 30 Si men dwat ou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete byen lwen ou. Paske, li pi bon pou ou pou yon sèl manm nan ou peri, pase pou tout kò ou al nan lanfè.
  31. 31 Men sa yo te di deja: Nenpòt moun ki vle divòse ak madanm li, se pou l' ba li yon papye divòs.
  32. 32 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte si se pou dezòd, li lakòz madanm nan fè adiltè. Nenpòt moun ki marye ak yon madanm divòse, li fè adiltè tou.
  33. 33 Nou tande yo te di lontan yo: Ou pa dwe refize fè sèman pou ou fè sa ou te sèmante a. Men, se pou ou kenbe pwomès ou te fè bay Bondye a.
  34. 34 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa fè sèman ditou, ni sou syèl la, paske syèl la se twòn Bondye.
  35. 35 Ni fè sèman sou tè a, paske se ti ban kote l' mete pye l'. Ni fè sèman sou Jerizalèm, paske se lavil gran Wa a.
  36. 36 Ou pa dwe fè sèman sou tèt ou, paske ou pa ka fè yon sèl cheve tounen blan oubyen nwa.
  37. 37 Men, se pou nou di wi ak wi, non ak non. Paske, tou sa ki anplis sa yo soti nan sa ki mal.
  38. 38 Nou tande yo te di: Yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.
  39. 39 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa kenbe tèt ak moun ki fè mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat ou, vire lòt bò a ba li.
  40. 40 Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l' pran rad ou, kite l' palto a tou.
  41. 41 Nenpòt moun ki va fòse ou mache yon mil, ale de mil avèk li.
  42. 42 Bay moun ki mande ou, epi pa vire do bay moun ki vle prete nan men ou.
  43. 43 Nou tande yo te di: Se pou ou renmen pwochen ou, men se pou ou rayi lènmi ou.
  44. 44 Men mwen menm, mwen di nou: Renmen lènmi nou yo, beni moun ki ban nou madichon, fè byen ak moun ki rayi nou. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou, k'ap pèsekite nou.
  45. 45 Pou nou kapab vin pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy li leve sou mechan yo ak sou bon yo, li fè lapli tonbe sou moun ki jis yo ak sou moun ki enjis yo.
  46. 46 Paske, si nou renmen moun ki renmen nou, ki rekonpans nou merite? Pèseptè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou?
  47. 47 Epi si se sèlman frè nou nou di bonjou, kisa nou fè plis pase lòt moun? Pèseptè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou?
  48. 48 Se pou nou pafè, menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè.

⟨ Chapit Presedan Matye5 Chapit Swivan ⟩