ElohimEmet

Matye 28 KreyolAyisyen

🔊 Matye 28 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Nan fen jou repo a, lè premye jou semèn nan te kòmanse leve, Mari Magdala ak lòt Mari a te vin wè kavo a.
  2. 2 Epi te gen yon gwo tranblemanntè; paske yon zanj Seyè a desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote pòt la, epi li chita sou li.
  3. 3 Figi li te tankou zèklè, rad li te blan tankou nèj.
  4. 4 Gad yo te tèlman pè li, yo te tranble, yo te vin tankou moun ki mouri.
  5. 5 Zanj lan reponn, li di medam yo: Pa pè. Mwen konnen n'ap chache Jezi, moun yo te krisifye a.
  6. 6 Li pa isit la; li leve soti vivan jan li te di a. Vin wè kote Seyè a te kouche a.
  7. 7 Epi prese ale, di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Gade, li gen tan pran devan nou nan peyi Galile; se la n'a wè l'. Gade, mwen deja di nou sa.
  8. 8 Yo te byen vit kite tonm nan avèk laperèz ak anpil lajwa; epi yo te kouri al pote nouvèl bay disip li yo.
  9. 9 Pandan yo t'ap ale di disip li yo sa, Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou! Yo pwoche bò kote l', yo kenbe pye l', epi yo adore l'.
  10. 10 Jezi di yo: Pa pè. Ale di frè m yo pou y al Galile; se la y'ap wè mwen.
  11. 11 Antan medam yo t'ap ale, kèk nan gad yo antre nan vil la, yo rakonte bay chèf prèt yo tou sa ki te pase.
  12. 12 Lè yo te reyini ak ansyen yo, yo fè konsèy, yo bay sòlda yo gwo lajan.
  13. 13 Yo di yo: Disip li yo te vin lannwit, yo vòlè kò a pandan nou t'ap dòmi.
  14. 14 E si sa rive nan zòrèy gouvènè a, n'ap konvenk li, epi n'ap mete nou anba pwoteksyon nou.
  15. 15 Yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè a. Se konsa pawòl sa a gaye pami Jwif yo jouk jounen jòdi a.
  16. 16 Apre sa, onz disip yo ale nan peyi Galile, sou ti mòn Jezi te di yo ale a.
  17. 17 Lè yo wè l', yo adore l'; men gen kèk ki te gen dout.
  18. 18 Jezi pwoche bò kote yo, li di yo: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
  19. 19 Ale, fè disip pou tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la, ak Sentespri a.
  20. 20 Anseye yo pou yo obsève tout sa mwen te kòmande nou. Epi gade sa byen, mwen avèk nou toulejou, jouk nan fen lemonn. Amèn.

⟨ Chapit Presedan Matye28