Mak 8 KreyolAyisyen
🔊 Mak 8
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Nan jou sa yo, te vin gen yon gwo foul moun, epi yo pa t' gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo:
- 2 Kè m' gen pitye pou foul moun sa yo, paske sa fè twa jou yo avè m', yo pa gen anyen pou yo manje.
- 3 Si m' voye yo ale lakay yo san manje, y'a tonbe feblès sou wout la, paske gen ladan yo ki soti byen lwen.
- 4 Disip li yo reponn li: Ki kote yon moun ka jwenn pen pou plen vant yo nan dezè a?
- 5 Jezi mande yo: Konbyen pen nou genyen? Yo di l': Sèt.
- 6 Epi li bay foul moun yo lòd pou yo chita atè a; li pran sèt pen yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li bay disip li yo pou yo mete yo devan yo; epi yo mete yo devan foul la.
- 7 Yo te gen kèk ti pwason tou. Jezi beni pwason yo, li bay lòd pou yo mete yo devan yo.
- 8 Yo tout te manje plen vant yo, epi yo ranmase sèt panyen ak moso ki te rete yo.
- 9 Te gen katmil moun konsa ki te fin manje. Jezi voye yo ale.
- 10 Touswit apre sa, li monte nan yon kannòt avèk disip li yo, epi li ale nan zòn Dalmanouta.
- 11 Farizyen yo soti, epi yo kòmanse poze Jezi kesyon; yo mande l' yon siy ki soti nan syèl la pou yo te tante l'.
- 12 Li bay yon gwo soupi nan kè l', li di: Poukisa jenerasyon sa a ap chache siy? Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yo p'ap bay jenerasyon sa a okenn siy.
- 13 Epi li kite yo, li tounen nan kannòt la, li pati pou lòt bò lanmè a.
- 14 Disip yo te bliye pote pen; yo te gen yon sèl pen avèk yo nan kannòt la.
- 15 Epi li ba yo lòd sa a: Fè atansyon, pran prekosyon nou ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.
- 16 Epi yo t'ap diskite ant yo menm, yo t'ap di: Se paske nou pa gen pen.
- 17 Jezi vin konnen sa yo t'ap di a. Li mande yo: Poukisa n'ap di se paske nou pa gen pen? Nou poko konprann toujou? Èske kè nou toujou ap fè tèt di?
- 18 Nou gen je, nou pa wè? Nou gen zòrèy, nou pa tande? Nou pa sonje?
- 19 Lè m' te kase senk pen yo bay senkmil moun yo, konbyen panyen plen moso nou te pote ale? Yo di li: Douz.
- 20 Epi, lè sèt pen yo te separe bay katmil an, konbyen panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn: Sèt.
- 21 Epi li di yo: Poukisa nou pa konprann?
- 22 Epi li rive Betsayda; yo mennen yon nonm avèg ba li, epi yo sipliye l' pou l' touche li.
- 23 Epi li pran men avèg la, li mennen l' soti nan vil la; li krache nan je avèg la, li mete men l' sou li, epi li mande l' si l' wè yon bagay.
- 24 Epi li leve je l' anlè, li di: Mwen wè moun k'ap mache tankou pyebwa.
- 25 Apre sa, li remete men l' sou je l' yo ankò, li fè l' gade anlè. Lamenm, li te geri, li te wè tout moun klèman.
- 26 Epi li voye l' al lakay li, li di l' konsa: Pa antre nan vil la, ni pa di pèsonn nan vil la sa.
- 27 Jezi soti avèk disip li yo, li ale nan bouk ki nan rejyon Sezare Filip la. Sou wout la, li poze disip li yo kesyon sa a: Ki moun moun yo di mwen ye?
- 28 Yo reponn li: Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di se Eli. Gen lòt ki di se youn nan pwofèt yo.
- 29 Epi li di yo: Men, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: Ou se Kris la.
- 30 Epi li pase yo lòd pou yo pa di pèsonn sa.
- 31 Epi li kòmanse moutre yo anpil bagay. Li di yo: Mwen gen pou m' soufri anpil, ansyen yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo p'ap vle yo touye m'. Men, apre twa jou, mwen gen pou m' resisite.
- 32 Epi li t'ap pale pawòl sa yo aklè. Pyè kenbe Jezi, li kòmanse repwoche li.
- 33 Men, lè Jezi vire gade disip li yo, li di Pyè sevè konsa: Wete kò w' sou mwen, Satan. Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm vle.
- 34 Epi, lè li fin rele foul moun yo ansanm ak disip li yo, li di yo: Nenpòt moun ki vle vin dèyè m', se pou l' nye tèt li, se pou l' pran kwa l' epi swiv mwen.
- 35 Paske, nenpòt moun ki vle sove lavi l' ap pèdi l'; men nenpòt moun ki pèdi lavi l' poutèt mwen ak levanjil la, l' ap sove l'.
- 36 Paske, kisa sa ta sèvi yon moun si l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li?
- 37 Oubyen kisa yon moun ta bay an echanj pou nanm li?
- 38 Nenpòt moun ki wont ditou pou mwen ak pou l' pale pawòl mwen nan mitan moun alèkile sa yo ki renmen fè adiltè ak peche, enben mwen menm, Pitit Lòm nan, lè m'a vini nan tout bèl pouvwa Papa m' ak zanj li yo, m'a wont tande l' pou li tou.