ElohimEmet

Jozye 20 KreyolAyisyen

🔊 Jozye 20 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Seyè a pale ak Jozye tou, li di l konsa:
  2. 2 Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou yo chwazi lavil kote moun ka al chache refij, jan mwen te pale ak Moyiz la ak nou.
  3. 3 Konsa, lè yon moun touye yon lòt san li pa konnen, li ka kouri al kache la. Se la yo va sèvi nou refij kont moun k ap tire revanj pou san moun ki mouri a.
  4. 4 Lè yon moun ki sove al nan youn nan lavil sa yo, l ap kanpe bò pòtay lavil la, l ap esplike chèf fanmi lavil la sa l te fè a. Y ap mennen l nan lavil la, y ap ba li yon kote pou l rete nan mitan yo.
  5. 5 Men si moun k ap tire revanj moun ki mouri a rive dèyè l, chèf fanmi yo p ap lage li non plis, paske li te touye moun menm ras avè l san li pa konnen. Li pa t gen okenn rayisman pou li anvan.
  6. 6 L ap rete nan vil sa a jouktan li parèt devan tout pèp la pou yo jije l, jouktan granprèt ki la lè sa a va mouri. Apre sa, asasen an va gen dwa retounen lakay li, nan vil kote li te kouri kite a.
  7. 7 Yo te chwazi Kedès nan Galile, nan mòn Neftali, Sichèm nan mòn Efrayim, ak Kiryat-Aba (kounye a li rele Ebwon), nan mòn Jida.
  8. 8 Lòt bò larivyè Jouden an, anfas Jeriko, sou bò solèy leve, yo te bay Bezè nan dezè a, nan plenn nan zòn ki pou branch fanmi Woubenn lan. Yo te bay lavil Ramòt nan peyi Galarad nan zòn ki pou branch fanmi Gad la. Yo te bay lavil Golan nan peyi Bazan nan zòn ki pou branch fanmi Manase a.
  9. 9 Men lavil yo te chwazi pou tout moun pèp Izrayèl yo ak pou moun lòt nasyon ki rete nan mitan yo. Nenpòt moun ki ta touye yon moun san yo pa fè espre gen dwa kouri al kache la. Yo p ap touye li anba men moun ki fanmi pini moun ki mouri a, jouktan li parèt devan tout pèp la.

⟨ Chapit Presedan Jozye20 Chapit Swivan ⟩