ElohimEmet

Jozye 16 KreyolAyisyen

🔊 Jozye 16 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Pòsyon tè ki te pou pitit Jozèf yo te soti depi larivyè Jouden, toupre Jeriko, rive nan sous dlo Jeriko a, sou bò solèy leve. Li te rive nan dezè a ki monte soti Jeriko rive nan mòn Betèl.
  2. 2 Li soti Betèl, li monte Louz, li pase nan fwontyè peyi Aki a, li rive Atawòt.
  3. 3 Apre sa, fwontyè a desann nan direksyon lwès, nan direksyon limit peyi Jaflèt yo, rive sou limit Bètowon ki nan fon an, rive Gezè; li al bout nan lanmè.
  4. 4 Konsa, pitit gason Jozèf yo, Manase ak Efrayim, te pran pòsyon tè pa yo.
  5. 5 Men limit tè yo te bay moun Efrayim yo, dapre fanmi yo: Sou bò solèy leve, fwontyè pòsyon yo a te soti Atawòt, Daka, rive Bètowon anwo.
  6. 6 Fwontyè a te rive nan lanmè a, nan direksyon nò, rive Mikmetat. Li fè yon koub nan direksyon solèy leve, li rive Taanat-Silo. Li pase bò solèy leve a, li rive Janoa.
  7. 7 Li desann soti Janoa, li pase nan Atawòt ak Naarat, li rive Jeriko epi li bout nan larivyè Jouden.
  8. 8 Fwontyè a te soti Tapwak, li pran direksyon lwès, li rive nan larivyè Kana, epi li rive nan lanmè. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Efrayim yo.
  9. 9 Men non lavil yo te mete apa pou moun Efrayim yo nan mitan tè yo te bay moun Manase yo. Tout lavil yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te pou yo.
  10. 10 Yo pa t mete moun Kananeyen ki te rete nan lavil Gezè yo deyò. Se konsa, moun Kananeyen yo rete nan mitan moun Efrayim yo jouk jounen jodi a. Men yo fè kòve pou yo.

⟨ Chapit Presedan Jozye16 Chapit Swivan ⟩