Jozye 1 KreyolAyisyen
🔊 Jozye 1
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Apre Moyiz, sèvitè Seyè a, te mouri, Seyè a pale ak Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa li t'ap fè. Li di l' konsa:
- 2 Moyiz, sèvitè m' lan, mouri. Kounye a leve non, ou menm ak tout pèp sa a, pou nou janbe lòt bò larivyè Jouden an, pou nou antre nan peyi m'ap ba yo, peyi pèp Izrayèl la.
- 3 Jan m' te di Moyiz la, m'ap ba nou tout kote pye nou va pile a.
- 4 Depi dezè a ak peyi Liban sa a rive nan gwo larivyè a, larivyè Lefrat la, tout peyi moun Et yo, rive nan gwo lanmè a kote solèy kouche, se la limit peyi a va ye.
- 5 Pèsonn p'ap ka kanpe devan ou pandan tout rès vi ou. M'ap toujou avè ou, menm jan m' te avè Moyiz. Mwen p'ap janm lage ou, mwen p'ap janm abandone ou.
- 6 Se pou ou vanyan epi pran kouraj, paske se ou menm ki pral bay pèp sa a peyi mwen te sèmante m'ap ba yo a.
- 7 Sèlman, se pou ou vanyan epi pran kouraj pou ou ka veye kò ou pou ou mache dapre tout lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou a. Pa devye ni adwat ni agoch, pou tout bagay mache byen pou ou.
- 8 Se pou liv lalwa sa a toujou nan bouch ou. Se pou ou medite sou li lajounen kou lannwit, pou ou ka veye kò ou pou ou fè tou sa ki ekri ladan l'. Paske lè sa a, lavi ou va mache byen; se lè sa a ou p'ap janm pèdi.
- 9 Èske mwen pa ba ou lòd sa a? Se pou ou vanyan epi pran kouraj. Pa pè, pa dekouraje, paske Seyè a, Bondye ou la, ap avèk ou kèlkeswa kote ou pase.
- 10 Lè sa a, Jozye bay chèf pèp la lòd sa a:
- 11 Mache nan kan an, epi bay pèp la lòd sa a: Prepare pwovizyon, paske nan twa jou nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n al pran pou nou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou an.
- 12 Apre sa, Jozye pale ak moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye nan moun branch fanmi Manase yo. Li di yo konsa:
- 13 Sonje pawòl Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòd sa a: Seyè a, Bondye nou an, te ban nou repo, li te ban nou peyi sa a.
- 14 Madanm nou, pitit nou yo ak bèt nou yo ap rete nan peyi Moyiz te ban nou lòt bò larivyè Jouden an. Men nou menm tout sòlda ki vanyan yo, n'a mache devan frè nou yo ak zam nan men nou, n'a ede yo.
- 15 Lè Seyè a va fin bay frè nou yo repo, menm jan li te ban nou l' la, jouktan yo fin pran peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ba yo a pou yo a. Lè sa a, n'a tounen nan peyi pa nou an, n'a pran posesyon peyi sa a, peyi Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve.
- 16 Yo reponn Jozye, yo di l' konsa: Tou sa ou ban nou lòd fè, n'ap fè l'. Nenpòt kote ou voye nou, n'ap ale.
- 17 Menm jan nou te koute Moyiz nan tout bagay, se konsa n'ap koute ou tou. Sèl bagay, se pou Seyè a, Bondye ou la, toujou avè ou menm jan li te avèk Moyiz.
- 18 Nenpòt moun ki va rebèl kont lòd ou a, epi ki pa vle koute pawòl ou yo nan tout lòd ou ba li a, se pou yo touye l'. Sèlman, se pou ou vanyan epi pran kouraj.
Jozye1
Chapit Swivan ⟩