Joel 3 KreyolAyisyen
🔊 Joel 3
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Paske, gade, nan jou sa yo, nan tan sa a, lè m'a fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen an peyi yo ankò,
- 2 M'ap rasanble tout nasyon yo, m'ap mennen yo desann nan Fon Jozafa a. M'ap plede ak yo la pou pèp mwen an ak pou pèp Izrayèl la, eritye mwen an, pèp yo te gaye nan mitan lòt nasyon yo. Yo te separe peyi m' lan.
- 3 Yo tire osò pou konnen ki moun ki pou pèp mwen an ye. Yo bay yon gason pou vann li pou lajan yon pwostitye, yo vann yon fi pou achte diven pou yo bwè.
- 4 Wi, kisa nou gen pou wè avè m', nou menm Tir ak Sidon, ak tout moun nan zòn Palestin yo? Èske n'ap rann mwen sa nou merite a? Si nou rann mwen sa nou merite a, byen vit m'ap fè nou peye pou sa nou fè a, m'ap fè nou peye sa nou fè a.
- 5 Nou te pran ajan ak lò mwen yo, nou pote tout bèl bagay mwen yo pote ale nan tanp nou yo.
- 6 Nou te vann moun Jida yo ak moun Jerizalèm yo bay moun Lagrès yo, pou nou te ka fè yo byen lwen peyi yo a.
- 7 Gade! M'ap fè yo soti kote nou te vann yo a. M'ap fè nou peye sa nou te fè a tounen sou tèt nou.
- 8 M'ap vann pitit gason ak pitit fi nou yo nan men moun Jida yo. Yo menm, y'ap vann yo bay Sabeen yo, bay yon pèp ki byen lwen. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
- 9 Mache fè piblisite sa a nan mitan moun lòt nasyon yo! Prepare nou pou nou goumen! Reveye tout vanyan sòlda yo! Se pou tout sòlda yo pwoche bò kote nou, se pou yo vini!
- 10 Baton chari nou yo pou fè yo tounen nepe, fòk nou yo pou fè yo tounen lans. Se pou moun ki fèb yo di: Mwen fò, mwen se yon vanyan gason.
- 11 Sanble nou, vini non, nou tout nasyon ki sou lizyè fwontyè a! Sanble nou tout! Seyè, fè tout vanyan sòlda ou yo desann la!
- 12 Se pou nasyon yo leve kò yo, se pou yo monte nan Fon Jozafa a, paske se la m'a chita pou m' jije tout nasyon ki sou lizyè fwontyè a.
- 13 Mete kouto digo a, paske rekòt la mi; vini non, desann; paske moulen rekòt la plen, grès la ap debòde. Paske mechanste yo anpil.
- 14 Foul moun sou foul moun nan fon jijman an: paske jou Seyè a pa lwen rive nan fon jijman an.
- 15 Solèy la ak lalin lan pral vin tou nwa, zetwal yo pral retire klète yo.
- 16 Seyè a pral gwonde nan Siyon, li pral fè tande vwa li depi Jerizalèm. Syèl la ak latè a pral tranble. Men, Seyè a pral espwa pèp li a. Se li menm ki va fòs pou pitit Izrayèl yo.
- 17 Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. M'ap rete sou Siyon, mòn sakre mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon p'ap ka pase la ankò.
- 18 Lè sa a, mòn yo pral lage rezen fre, ti mòn yo pral koule lèt. Tout larivyè peyi Jida yo pral plen dlo. Yon sous dlo pral soti nan kay Seyè a. L'ap wouze fon Sitim lan.
- 19 Peyi Lejip pral tounen yon dezè. Moun Edon yo pral tounen yon dezè san moun. Akòz mechanste yo te fè sou moun Jida yo, paske yo te touye moun inosan nan peyi yo.
- 20 Men, peyi Jida a ap rete pou tout tan, ak lavil Jerizalèm ap rete pou tout tan.
- 21 Paske, m'ap pirifye san yo, san mwen pa t' pirifye a. Paske, Seyè a rete sou Siyon.
⟨ Chapit Presedan
Joel3