ElohimEmet

Jij 10 KreyolAyisyen

🔊 Jij 10 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki te parèt pou defann pèp Izrayèl la. Tola te soti nan branch fanmi Isaka, li te rete Chamir nan mòn Efrayim yo.
  2. 2 Li te jije Izrayèl pandan venntwazan. Apre sa, li mouri, yo antere l nan Chamir.
  3. 3 Apre li, Jayi, moun peyi Galarad, te parèt. Li te jije Izrayèl pandan venndezan.
  4. 4 Li te gen trant pitit gason ki te konn monte trant bourik. Yo te gen trant vil yo rele Pòsyon Jayi jouk jounen jòdi a. Vil sa yo nan peyi Galarad.
  5. 5 Jayi mouri, epi yo antere l nan Kamon.
  6. 6 Apre sa, Izrayèl te rekòmanse fè sa ki mal nan je Seyè a. Yo sèvi Baal, Achtawòt, bondye Siri yo, bondye Sidon yo, bondye Moab yo, bondye Amon yo, ak bondye Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo pa sèvi l ankò.
  7. 7 Seyè a fache anpil sou Izrayèl, li lage yo nan men Filisti yo ak Amon yo.
  8. 8 Pandan dizwitan, yo t'ap maltrete tout Izrayèl ki te rete lòt bò larivyè Jouden an, nan peyi Amori yo, nan peyi Galarad.
  9. 9 Amon yo janbe Jouden an pou yo goumen ak Jida, Benjamen, ak Efrayim. Izrayèl te nan gwo pwoblèm.
  10. 10 Izrayèl rele nan pye Seyè a, yo di: Nou fè peche kont ou, paske nou vire do bay Bondye nou, epi nou sèvi Baal yo.
  11. 11 Seyè a di Izrayèl: Mwen pa t delivre nou anba men moun peyi Lejip yo, Amori yo, Amon yo, ak Filisti yo?
  12. 12 Moun Sidon yo, Amalèk yo, ak Mawon yo t'ap peze nou. Nou te rele nan pye m, mwen te delivre nou.
  13. 13 Men nou vire do ban mwen, nou sèvi lòt bondye. Se poutèt sa mwen p'ap delivre nou ankò.
  14. 14 Ale rele bondye nou te chwazi yo; se pou yo delivre nou lè nou nan mizè.
  15. 15 Izrayèl reponn Seyè a: Nou fè peche. Ou mèt fè nou sa ou vle. Men tanpri, delivre nou jodi a.
  16. 16 Yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen nan mitan yo, epi yo sèvi Seyè a. Seyè a te gen lapenn pou mizè Izrayèl.
  17. 17 Amon yo rasanble, yo moute tant yo nan Galarad. Izrayèl rasanble tou, yo moute tant yo nan Mispa.
  18. 18 Pèp la ak chèf Galarad yo di: Moun ki pral kòmanse goumen ak Amon yo, se li menm ki pral chèf tout moun ki rete nan Galarad.

⟨ Chapit Presedan Jij10 Chapit Swivan ⟩