Jeremi 47 KreyolAyisyen
🔊 Jeremi 47
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Men pawòl Seyè a te bay pwofèt Jeremi kont moun Filisti yo, anvan farawon an te atake Gaza.
- 2 Men sa Seyè a di ankò: Dlo yo ap soti nan nò, y'ap fè yon gwo larivyè, y'ap anvayi peyi a ak tout sa ki ladan l', lavil la ak tout moun ki rete ladan l'. Lè sa a, tout moun pral rele, tout moun ki rete nan peyi a pral bougonnen.
- 3 Lè yon moun tande yon bri zago chwal yo k'ap frape, yon bri cha lagè yo k'ap kouri ak yon bri wou yo, papa yo p'ap vire do bay pitit yo tèlman yo pè.
- 4 Paske jou a ap vini pou yo detwi tout moun Filisti yo, pou yo disparèt tout moun ki rete nan Tir ak Sidon ki bay konkou. Paske, Seyè a pral detwi moun Filisti yo, rès moun ki rete nan peyi Kaptò a.
- 5 Moun Gaza yo kale tèt yo. Yo fini ak Askalon ansanm ak rès moun ki te nan fon an. Kilè w'a sispann make figi ou ak kouto?
- 6 Nepe Seyè a, konbyen tan ankò pou ou pa rete trankil? Mete kò ou nan djenn ou, pran repo, pa fè bri.
- 7 Ki jan pou l' ka rete trankil, lè Seyè a ba li lòd pou l' atake Askalon ak tout bò lanmè a? Se la li mete l' la.