Jeremi 45 KreyolAyisyen
🔊 Jeremi 45
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Men pawòl pwofèt Jeremi te di Bawouk, pitit Nerija a, lè Bawouk te fin ekri pawòl sa yo nan yon liv pou li menm, nan katriyèm ane rèy Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a. Li te di l' konsa:
- 2 Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou, Bawouk:
- 3 Ou te di: Ala malè pou mwen! Paske Seyè a mete lapenn sou lapenn mwen. Mwen pèdi konesans tèlman m'ap plenn, mwen pa jwenn repo.
- 4 Men sa pou ou di l': Men sa Seyè a voye di ou: Gade! M'ap kraze sa m' te bati a, m'ap derasinen sa m' te plante a. Se tout peyi a m'ap demoli l'.
- 5 Epi w'ap chache gwo bagay pou tèt ou? Pa chache yo. Paske, mwen pral voye malè sou tout moun, se mwen menm Seyè a ki di sa. Men, m'ap ba ou lavi ou pou ou ka piye l' toupatou kote ou ale.