ElohimEmet

Jenez 48 KreyolAyisyen

🔊 Jenez 48 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Apre tout bagay sa yo, yo di Jozèf: Papa ou malad. Jozèf pran Manase ak Efrayim, de pitit gason l', li ale.
  2. 2 Yo di Jakòb: Men Jozèf, pitit gason ou, ap vin jwenn ou. Izrayèl ranfòse kò li, li chita sou kabann nan.
  3. 3 Jakòb di Jozèf: Bondye ki gen tout pouvwa a te parèt devan mwen nan Louz, nan peyi Kanaran, li beni mwen.
  4. 4 Li di: M'ap fè ou fè pitit, m'ap fè ou peple, m'ap fè ou tounen yon foul pèp. M'ap bay pitit pitit ou yo peyi sa a pou yo posede pou tout tan.
  5. 5 Kounye a, de pitit gason ou yo, Efrayim ak Manase, ki te fèt pou ou nan peyi Lejip anvan mwen te vin isit la, se pou mwen yo ye. Menm jan Woubenn ak Simeyon, yo pou mwen.
  6. 6 Men tout pitit ou va fè apre yo, se pou ou y'ap ye. Yo va pote non frè yo nan pòsyon tè yo.
  7. 7 Kanta pou mwen, lè m' t'ap tounen soti Mezopotami, Rachèl mouri bò kote mwen nan peyi Kanaran, yon ti jan anvan nou rive Efrata. Mwen antere l' sou wout Efrata, se Betleyèm.
  8. 8 Izrayèl wè pitit gason Jozèf yo, li di: Ki moun sa yo?
  9. 9 Jozèf reponn: Se pitit gason Bondye ban mwen isit la. Li di: Mennen yo vin jwenn mwen pou m' beni yo.
  10. 10 Je Izrayèl te fin febli, li pa t' ka wè. Yo fè yo pwoche bò kote l', li bo yo, li akolad yo.
  11. 11 Izrayèl di Jozèf: Mwen pa t' espere wè figi ou ankò, men Bondye fè m' wè pitit ou yo tou.
  12. 12 Jozèf retire yo sou jenou li, li bese tèt li jouk atè.
  13. 13 Li pran yo toulede: Efrayim nan men dwat li sou bò gòch Izrayèl, Manase nan men gòch li sou bò dwat Izrayèl, li fè yo pwoche.
  14. 14 Izrayèl lonje men dwat li, li mete l' sou tèt Efrayim, pi piti a, epi men gòch li sou tèt Manase, premye pitit la. Li fè sa avèk entansyon.
  15. 15 Li beni Jozèf, li di: Se Bondye zansèt mwen Abraram ak Izarak te sèvi a, Bondye ki nouri m' depi nesans mwen jouk jounen jòdi a,
  16. 16 Se zanj ki delivre m' anba tout mal la beni timoun yo. Se pou yo pote non mwen ak non Abraram ak Izarak. Se pou yo peple anpil sou latè.
  17. 17 Lè Jozèf wè papa l' mete men dwat li sou Efrayim, sa pa t' fè l' plezi. Li pran men papa l' pou l' wete l' sou tèt Efrayim pou mete l' sou Manase.
  18. 18 Jozèf di papa l': Non, papa. Sa a se premye pitit la. Mete men dwat ou sou li.
  19. 19 Papa l' refize, li di: Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase va tounen yon pèp, li va grannèg. Men ti frè l' la va pi grannèg pase li. Pitit pitit li yo va tounen yon foul nasyon.
  20. 20 Jou sa a, li beni yo, li di: Pèp Izrayèl va beni nan non nou, yo va di: Se pou Bondye fè nou tankou Efrayim ak Manase. Li mete Efrayim anvan Manase.
  21. 21 Izrayèl di Jozèf: Gade, mwen pral mouri. Men Bondye va avèk ou, li va fè ou retounen nan peyi zansèt ou yo.
  22. 22 Mwen ba ou yon pòsyon apa pase frè ou yo, pòsyon mwen te pran nan men Amorit yo avèk nepe mwen ak banza mwen.

⟨ Chapit Presedan Jenez48 Chapit Swivan ⟩