Jenez 46 KreyolAyisyen
🔊 Jenez 46
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Izrayèl pati avèk tout sa li te genyen. Li rive Bècheba, li ofri sakrifis bay Bondye papa li Izarak.
- 2 Bondye pale ak Izrayèl nan vizyon lannwit, li di: Jakòb! Jakòb! Li reponn: Men mwen.
- 3 Bondye di: Mwen se Bondye, Bondye papa ou. Pa pè desann nan peyi Lejip, paske m'ap fè ou tounen yon gwo nasyon la.
- 4 M'ap desann avè ou nan peyi Lejip, epi m'ap fè ou monte ankò. Jozèf va mete men l' sou je ou.
- 5 Jakòb leve, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, timoun yo, madanm yo, yo mete yo nan cha farawon an te voye.
- 6 Yo pran bèt yo ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran. Yo desann nan peyi Lejip, Jakòb ansanm ak tout pitit pitit li yo.
- 7 Li mennen pitit gason l' yo, pitit pitit gason l' yo, pitit fi l' yo, pitit pitit fi l' yo, tout ras li yo, li mennen yo nan peyi Lejip.
- 8 Men non pitit Izrayèl yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo: Woubenn, premye pitit Jakòb.
- 9 Pitit gason Woubenn yo: Enòk, Palou, Ezwon, Kami.
- 10 Pitit gason Simeyon yo: Jemouyèl, Jamin, Orad, Jaken, Zoka, Sayil, pitit yon fanm Kananeyen.
- 11 Pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat, Merari.
- 12 Pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz, Zerak. Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Pitit Perèz yo: Ezwon, Amoul.
- 13 Pitit gason Isaka yo: Tola, Puva, Jòb, Chimwon.
- 14 Pitit gason Zabilon yo: Serèd, Elon, Jaleyèl.
- 15 Men pitit Leya te fè pou Jakòb nan Padanaram, ansanm ak Dina, pitit fi li. Antou, pitit gason ak pitit fi Leya yo te trant-twa.
- 16 Pitit gason Gad yo: Zifyon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Arodi, Areli.
- 17 Pitit gason Asè yo: Jimna, Jichwa, Jichwi, Berya, Serak sè yo. Pitit Berya yo: Ebè, Malkiyèl.
- 18 Se pitit Zilpa sa yo, sèvant Laban te bay Leya. Antou, sèz moun.
- 19 Pitit Rachèl, madanm Jakòb: Jozèf ak Benjamen.
- 20 Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On, te fè Manase ak Efrayim pou li.
- 21 Pitit gason Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ehi, Wòch, Moupim, Oupim, Ad.
- 22 Pitit Rachèl te fè pou Jakòb: antou katòz moun.
- 23 Pitit gason Dann yo: Ouchim.
- 24 Pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè, Chilèm.
- 25 Se pitit Bila sa yo, sèvant Laban te bay Rachèl. Bila te fè sèt moun pou Jakòb.
- 26 Antou, swasant-sis moun te desann nan peyi Lejip avèk Jakòb, san konte madanm pitit gason l' yo.
- 27 Jozèf te gen de pitit nan peyi Lejip. Antou, swasanndis moun te nan ras Jakòb ki te vin nan peyi Lejip.
- 28 Li voye Jida devan pou al jwenn Jozèf pou mennen yo Gochenn. Yo rive nan peyi Gochenn.
- 29 Jozèf fè pare cha li, li monte Gochenn pou rankontre papa l'. Li lage kò l' nan kou Jakòb, li kriye pandan lontan.
- 30 Izrayèl di Jozèf: Koulye a, mwen prèt pou m' mouri, paske mwen wè figi ou, ou vivan toujou.
- 31 Jozèf di frè l' yo ak fanmi papa l': M'ap monte al di farawon: Frè m' yo ak fanmi papa m' ki te nan peyi Kanaran rive.
- 32 Mesye yo se gadò mouton, yo konn gade bèt. Yo mennen mouton yo, bèf yo, tout sa yo genyen.
- 33 Lè farawon an va rele nou, li va mande nou metye nou.
- 34 N'a reponn: Depi nou piti jouk jounen jòdi a, se bèt n'ap gade, tankou zansèt nou yo. Konsa, n'a rete nan peyi Gochenn, paske moun peyi Lejip pa vle gadò mouton.