ElohimEmet

Jenez 35 KreyolAyisyen

🔊 Jenez 35 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Bondye di Jakòb: Leve non, monte Betèl, epi rete la. Bati yon lotèl pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou t'ap kouri pou Ezaou, frè ou.
  2. 2 Jakòb di moun lakay li yo ak tout moun ki te avè l': Retire tout bondye etranje ki nan mitan nou, pirifye tèt nou, chanje rad nou.
  3. 3 Ann leve, ann moute Betèl, kote m'a bati yon lotèl pou Bondye ki te reponn lè m' te nan tray, pou Bondye ki te avèk mwen nan tout chemen m' t'ap mache a.
  4. 4 Yo remèt Jakòb tout bondye etranje yo te genyen, ansanm ak zanno yo te nan zòrèy yo. Jakòb kache yo anba pye bwadchenn ki toupre Sichèm.
  5. 5 Yo pati, epi laperèz Bondye anvayi tout lavil ki te ozalantou yo. Yo pa t' kouri dèyè pitit Jakòb yo.
  6. 6 Jakòb rive Louz, nan peyi Kanaran, sa vle di Betèl, li menm ak tout moun ki te avè l'.
  7. 7 Li bati yon lotèl la, li rele kote a Elbetèl, paske se la Bondye te parèt devan li lè li t'ap kouri pou frè li.
  8. 8 Debora, bòn Rebeka a, mouri. Yo antere l' anba yon pye chenn pi ba Betèl. Yo rele pil wòch la Alonbakout.
  9. 9 Bondye parèt ankò devan Jakòb lè li te soti Padanaram, epi li beni li.
  10. 10 Bondye di li: Yo rele ou Jakòb. Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Men, y'a rele ou Izrayèl. Se konsa li rele l' Izrayèl.
  11. 11 Bondye di li: Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Fè pitit, fè anpil pitit. Ou va tounen yon nasyon ak yon foul lòt nasyon. Wa va soti nan ren ou.
  12. 12 Peyi mwen te bay Abraram ak Izarak la, m'ap ba ou li tou. M'ap bay pitit pitit ou yo li tou.
  13. 13 Bondye kite l' kote li te pale avè l' la, li moute.
  14. 14 Jakòb pran yon gwo poto wòch, li plante l' kote Bondye te pale avè l'. Li vide diven sou li, epi li vide lwil sou li.
  15. 15 Jakòb rele kote Bondye te pale avè l' la Betèl.
  16. 16 Yo pati kite Betèl. Men te gen yon ti chemen pou rive Efrata. Rachèl te akouche, li te gen gwo doulè.
  17. 17 Lè akouchman an te rèd, fanmsaj la di li: Ou pa bezwen pè, ou pral fè yon pitit gason tou.
  18. 18 Lè nanm li t'ap mouri, li te prèt pou l' mouri, li rele pitit la Ben-oni. Men papa l' rele l' Benjamen.
  19. 19 Rachèl mouri, yo antere l' sou wout pou ale Efrata, sa vle di Betleyèm.
  20. 20 Jakòb plante yon gwo poto sou tonm li. Se poto sa a yo rele tonm Rachèl jiska jodi a.
  21. 21 Izrayèl pati, li moute tant li lòt bò gwo fò Eda a.
  22. 22 Pandan Izrayèl t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn ale kouche ak Bila, yonn nan fanm kay papa l'. Izrayèl vin konnen sa. Jakòb te gen douz pitit gason.
  23. 23 Pitit gason Leya yo: Woubenn, premye pitit Jakòb la, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.
  24. 24 Pitit gason Rachèl yo: Jozèf ak Benjamen.
  25. 25 Pitit gason Bila, sèvant Rachèl la: Dann ak Nèftali.
  26. 26 Pitit gason Zilpa, sèvant Leya a: Gad ak Asè. Se yo menm ki te pitit gason Jakòb te genyen pandan li te nan Mezopotami.
  27. 27 Jakòb ale jwenn papa l', Izarak, nan Manmre, nan Araba, sa vle di Ebwon, kote Abraram ak Izarak te rete.
  28. 28 Izarak te viv san-katreven ane.
  29. 29 Izarak te fin vye granmoun, li te wè kont jou li yo lè li mouri. Yo antere l' ansanm ak moun li yo ki te mouri deja. Ezaou ak Jakòb, pitit gason l' yo, te antere l'.

⟨ Chapit Presedan Jenez35 Chapit Swivan ⟩