ElohimEmet

Jan 21 KreyolAyisyen

🔊 Jan 21 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Apre bagay sa yo, Jezi te fè disip yo wè l ankò bò lanmè Tiberyad la. Se konsa li te fè yo wè tèt li.
  2. 2 Simon Pyè te ansanm, Toma yo rele Didim, Natanayèl, moun Kana nan Galile, pitit Zebede yo ak de lòt nan disip li yo.
  3. 3 Simon Pyè di yo: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Yo pati, yo monte nan yon kannòt touswit, epi yo pa pran anyen pandan tout nuit lan.
  4. 4 Men, lè granmaten te fèk rive, Jezi te kanpe bò lanmè a. Men disip yo pa t' rekonèt se te Jezi.
  5. 5 Lè sa a, Jezi di yo: Timoun, èske nou gen kèk bagay pou nou manje? Yo reponn li: Non.
  6. 6 Li di yo: Lage filè a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn. Yo lage l', men yo pa t' kapab rale l' tèlman yo te plen pwason.
  7. 7 Disip Jezi te renmen anpil la di Pyè konsa: Se Senyè a. Lè Simon Pyè tande se Senyè a, li mete rad pechè li sou li (paske li te toutouni) epi li lage kò l' nan lanmè a.
  8. 8 Lòt disip yo te vini nan yon ti kannòt (paske yo pa t twò lwen tè, men te gen apeprè desan (200) koude longè). Yo t'ap trennen privye ki te gen pwason an dèyè yo.
  9. 9 Lè yo desann atè, yo wè yon dife chabon, avèk pwason ap kouche sou li, epi pen.
  10. 10 Jezi di yo: Pote kèk nan pwason nou fèk pran yo.
  11. 11 Simon Pyè monte nan kannòt la, li rale privye a vin atè. Te gen sansenkant-twa gwo pwason. Men, privye a pa t chire.
  12. 12 Jezi di yo: Vin manje. Men, yo yonn nan disip yo pa t' gen odas mande li: Ki moun ou ye? Yo te konnen se te Seyè a.
  13. 13 Jezi vini, li pran pen, li ba yo, epi li ba yo pwason tou.
  14. 14 Sa fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l' depi l' te leve soti vivan nan lanmò.
  15. 15 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jonas, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo? Li reponn li: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen ti mouton m' yo.
  16. 16 Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jonas, èske ou renmen mwen? Jezi reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo.
  17. 17 Li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jonas, èske ou renmen mwen? Pyè te tris anpil paske li te di l' yon twazyèm fwa: Èske ou renmen mwen? Jezi reponn li: Senyè, ou konnen tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo.
  18. 18 An verite, an verite, m ap di ou sa: Lè ou te jèn, ou te konn mare senti ou poukont ou, epi ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè ou vin granmoun, ou va lonje men ou, epi yon lòt va mare senti ou, epi li va mennen ou kote ou pa vle.
  19. 19 Sa l te di a, li t ap montre ki jan lanmò li tapral fè lwanj Bondye. Lè l fin di sa, Jezi di li: Swiv mwen.
  20. 20 Lè sa a, Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t ap vin dèyè. Se li menm tou ki te apiye sou lestomak Jezi pandan soupe a, epi ki te di li: Senyè, kilès ki pral trayi ou la?
  21. 21 Lè Pyè wè l', li di Jezi: Senyè, e nonm sa a, kisa pou l' fè?
  22. 22 Jezi di li: Si m vle l rete jouktan m vini, sa sa gade ou? Swiv mwen.
  23. 23 Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di li: Li p'ap janm mouri. Okontrè, li di: Si m' vle l' rete jouktan m' vini, kisa sa gade ou?
  24. 24 Se disip sa a ki rann temwayaj sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen temwayaj li a se vre.
  25. 25 Gen anpil lòt bagay Jezi te fè tou. Si yon moun ta ekri liv pou yo ekri sou li, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas pou mete liv sou latè. Amèn.

⟨ Chapit Presedan Jan21