Ezekyel 2 KreyolAyisyen
🔊 Ezekyel 2
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Epi li di m konsa: Pitit lòm, kanpe sou de pye ou, m ap pale avè ou.
- 2 Lè li fin pale avè m lan, lespri a antre nan mwen, li mete m kanpe sou de pye m. Mwen tande vwa moun ki t ap pale avè m lan.
- 3 Lè sa a, li di m konsa: Nonm lòm, m ap voye ou bò kote moun Izrayèl yo. Se yon nasyon ki rebèl, ki te vire do ban mwen. Yo menm ak zansèt yo ap fè tèt di toujou, yo kenbe tèt ak mwen jouk jounen jòdi a.
- 4 Paske yo se timoun ki gen tèt di epi ki gen rèd. M ap voye ou bò kote yo. Ou pral di yo: Men sa Seyè a, Bondye a, di.
- 5 Kit yo koute, kit yo pa koute (paske se yon move ras moun ki rebèl yo ye), y ap konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.
- 6 Ou menm, pitit lòm, pa pè yo, ni pa bezwen tranble pawòl yo. Menm si ou gen pikan ak raje bò kote ou, ou rete nan mitan eskòpyon. Pa bezwen pè pawòl yo, ni pa bezwen tranble devan je yo, menm si se yon move pèp ki gen tèt di yo ye.
- 7 Epi w ap di yo pawòl mwen yo, kit yo koute, kit yo pa koute, paske yo se yon bann moun ki gen rèd.
- 8 Men ou menm, pitit lòm, koute sa m ap di ou la a: Pa fè tèt di tankou fanmi tèt di sa a. Louvri bouch ou, manje sa m ap ba ou a.
- 9 Lè m gade, mwen wè yon men lonje sou mwen; te gen yon woulo liv ladan l.
- 10 Li louvri liv la devan mwen; li te ekri anndan kou deyò. Te gen lamentasyon, dèy ak malè ladan l.