Ezayi 20 KreyolAyisyen
🔊 Ezayi 20
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Nan lanne Tartan te rive Asdòd, lè Sargon, wa peyi Lasiri a, te voye l' al goumen ak Asdòd epi li te pran l'.
- 2 Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la, li te di l' konsa: Wete sak ki sou ren ou lan, retire sapat ki nan pye ou. Ezayi te mache toutouni pye atè.
- 3 Seyè a di konsa: Menm jan sèvitè m' lan, Ezayi, te mache toutouni pye atè pandan twazan, tankou yon siy ak yon avètisman pou peyi Lejip ak peyi Etyopi,
- 4 Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye peyi Lejip yo ak tout prizonye peyi Etyopyen yo, timoun kou granmoun, toutouni, pye atè, dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.
- 5 Yo pral pè, yo pral wont poutèt peyi Etyopi ki te konte sou yo a, ak peyi Lejip ki te fè yo plezi a.
- 6 Jou sa a, moun ki rete nan zile sa a va di: Men sa nou t'ap tann lan, se la nou t'ap kouri al chache sekou, pou nou pa jwenn chape anba men wa peyi Lasiri a. Ki jan n'a ka chape pou nou?