Ezayi 12 KreyolAyisyen
🔊 Ezayi 12
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Jou sa a, w'a di: Seyè, m'ap fè lwanj ou! Malgre ou te fache avè m', ou pa fache ankò, ou ban m' konsolasyon.
- 2 Gade, Bondye se delivrans mwen; M'ap mete konfyans mwen, mwen p'ap pè: Paske, se Seyè a ki tout fòs mwen, se tout chante mwen. Se li menm ki delivrans mwen.
- 3 Se poutèt sa, avèk kè kontan, n'a tire dlo nan sous delivrans lan.
- 4 Jou sa a, n'a di: Lwanj pou Seyè a! Envoke non li! Rakonte tout sa li fè, fè konnen jan li gen pouvwa! Li gen yon non ki glorifye.
- 5 Chante pou Seyè a, paske li fè bèl bagay. Fè tout moun sou latè konnen sa.
- 6 Nou menm moun Siyon, rele byen fò, rele byen fò! Paske, Bondye pèp Izrayèl la gen yon gwo pouvwa nan mitan nou.