Egzod 6 KreyolAyisyen
🔊 Egzod 6
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: Koulye a, ou pral wè sa m'ap fè Farawon an. Mwen pral fè l' kite yo ale, mwen pral mete yo deyò nan peyi a.
- 2 Bondye pale ak Moyiz, li di l' konsa: Mwen se Seyè a.
- 3 Mwen te parèt devan Abraram, Izarak ak Jakòb sou non Bondye Toupisan an, men yo pa t' konnen m' sou non mwen, Seyè a.
- 4 Mwen te pase yon alyans avèk yo, pou m' ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a.
- 5 Mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn, moun peyi Lejip yo kenbe yo nan esklavaj. Mwen sonje alyans mwen an.
- 6 Poutèt sa, di moun pèp Izrayèl yo: Mwen menm ki Seyè a. M'ap libere nou anba chay travay moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap delivre nou avèk fòs ponyèt mwen, avèk gwo pinisyon.
- 7 M'ap pran nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an, k'ap wete nou anba travay di moun peyi Lejip yo ap mete nou anba pye yo.
- 8 M'ap mennen nou antre nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. M'ap ba nou peyi sa a pou eritaj nou. Mwen se Seyè a.
- 9 Moyiz te pale ak moun pèp Izrayèl yo konsa. Men yo pa t' koute Moyiz, tèlman yo te gen kè sere ak esklavaj la.
- 10 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
- 11 Antre, di Farawon an, wa Lejip la, pou l' kite pèp Izrayèl la soti kite peyi l' la.
- 12 Lè sa a, Moyiz pale devan Seyè a, li di l' konsa: Ata pèp Izrayèl la pa koute m', kijan pou Farawon an ta koute m'? Mwen pa sikonsi bouch.
- 13 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li ba yo lòd pou yo fè pèp Izrayèl la ak pou Farawon an, wa Lejip la, pou yo fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip la.
- 14 Men chèf fanmi yo: Pitit gason Woubenn, premye pitit Izrayèl yo: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Woubenn yo sa.
- 15 Pitit gason Simeyon yo se te Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil, pitit yon fanm Kananeyen. Se fanmi Simeyon yo sa.
- 16 Men non pitit gason Levi yo dapre jenerasyon yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsèt an.
- 17 Pitit gason Gèchon yo se te Libni ak Chimeyi, dapre fanmi yo.
- 18 Pitit gason Keyat yo se te Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv santranttwa zan.
- 19 Pitit gason Merari yo se te Mahali ak Mouchi. Se fanmi Levi yo sa dapre jenerasyon yo.
- 20 Amram te pran Jokebèd, matant li, bò kote l'. Yo te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv santrannsèt an.
- 21 Pitit gason Jizeya yo se te Kora, Nefèg ak Zikri.
- 22 Pitit gason Ouzyèl yo se te Michayèl, Elsafan ak Sitri.
- 23 Arawon te pran Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nachson, pou madanm; Elicheba te fè pou li Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
- 24 Pitit gason Kore yo se te Asir, Elkana ak Abyazaf. Se fanmi Kore yo sa.
- 25 Eleaza, pitit gason Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men chèf fanmi Levi yo dapre fanmi yo.
- 26 Se Arawon sa a ak Moyiz sa a Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoupe pa lame.
- 27 Se yo menm ki te al di Farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. Se Moyiz sa a ak Arawon sa a ki te di l' konsa.
- 28 Lè Seyè a te pale ak Moyiz nan peyi Lejip la,
- 29 Seyè a di Moyiz konsa: Mwen se Seyè a. Tou sa m'ap di ou la a, se pou ou di Farawon an, wa peyi Lejip la.
- 30 Lè sa a, Moyiz di Seyè a: Gade! Mwen se yon moun ki pa sikonsi. Kouman Farawon an pral koute m'?