ElohimEmet

Egzod 11 KreyolAyisyen

🔊 Egzod 11 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Seyè a di Moyiz konsa: Mwen pral voye yon lòt malè sou Farawon an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l'ap kite nou ale. Lè l'a fin kite nou ale, l'ap mete nou deyò pou tout.
  2. 2 Pale kounye a ak tout pèp la. Se pou chak gason ak chak fanm prete nan men vwazen yo bijou an ajan ak bijou an lò.
  3. 3 Seyè a te fè pèp la fè moun peyi Lejip yo plezi. Moyiz te yon nonm ki te gen anpil respè nan peyi Lejip, devan sèvitè Farawon yo ansanm ak devan tout pèp la.
  4. 4 Moyiz di konsa: Men sa Seyè a di: Vè minwi, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo.
  5. 5 Tout premye pitit gason nan peyi Lejip la pral mouri, depi premye pitit Farawon an ki chita sou twòn li an, jouk premye pitit gason sèvant ki travay nan moulen an. Tout premye pitit bèt yo pral mouri.
  6. 6 Pral gen yon gwo rèl nan tout peyi Lejip la, yon rèl ki pa t' janm rive konsa, yon rèl ki p'ap janm rive ankò.
  7. 7 Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke lang li, ni pou moun ni pou bèt. Konsa, n'a konnen Seyè a fè yon diferans ant moun peyi Lejip yo ak moun peyi Izrayèl yo.
  8. 8 Lè sa a, tout sèvitè ou yo pral desann vin jwenn mwen, y'ap bese tèt yo devan mwen, y'ap di m': Soti, ou menm ansanm ak tout pèp ki avè ou la. Apre sa, m'a soti. Li soti lakay Farawon an byen fache.
  9. 9 Seyè a di Moyiz konsa: Farawon an p'ap koute ou, pou m' ka fè plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.
  10. 10 Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan Farawon an. Men Seyè a te fè Farawon an fè tèt di, li pa t' vle kite moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi a.

⟨ Chapit Presedan Egzod11 Chapit Swivan ⟩