ElohimEmet

ChanteSalomon 5 KreyolAyisyen

🔊 ChanteSalomon 5 KreyolAyisyen
🔇 Audio not available Expected: wwwroot/BibleAudio/KreyolAyisyen/OldTestament/ChanteSalomon/5.mp3
  1. 1 M' antre nan jaden mwen an, sè mwen, bèl fiyanse mwen. Mwen keyi lami mwen ak tout lòt fèy santi bon mwen yo. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo myèl mwen yo. Mwen bwè diven mwen ak lèt mwen. Zanmi m' yo, manje! Bwè non! Bwè byen, zanmi m'!
  2. 2 Mwen dòmi, men kè m' ap veye. Se vwa mennaj mwen an k'ap frape, l'ap di: Louvri pou mwen, sè mwen, mennaj mwen, toutrèl mwen, bèl ti toutrèl mwen. Lawouze plen tèt mwen, lawouze plen cheve m'.
  3. 3 Mwen fin wete rad mwen an; kijan pou m' mete l' sou mwen? Mwen fin lave pye m'; kijan pou m' ta fè sal yo?
  4. 4 Mennaj mwen foure men l' nan twou pòt la, sa te fè m' mal pou li.
  5. 5 Mwen leve pou m' louvri pou mennaj mwen; men m' yo te degoute lami, dwèt mwen te koule lami santi bon, sou manch pòt la.
  6. 6 Mwen louvri pòt la pou mennaj mwen an; men li te retire kò l', li te ale. Nanm mwen te mouri lè l' te pale. Mwen chache l', mwen pa t' jwenn li. Mwen rele l', men li pa t' reponn mwen.
  7. 7 Gad ki t'ap fè wonn lavil la jwenn mwen, yo bat mwen, yo blese mwen. Moun ki t'ap veye miray yo retire vwal ki te sou mwen an.
  8. 8 M'ap konseye nou, medam Jerizalèm, si nou jwenn mennaj mwen an, di l' konsa: Mwen bouke ak lanmou.
  9. 9 Ou menm ki pi bèl nan tout fanm yo, kisa mennaj ou genyen pase lòt moun, pou w'ap mande nou tout sa?
  10. 10 Mennaj mwen an blan ak koulè wouj, li pi gran nan dimil.
  11. 11 Tèt li tankou lò ki pi bon kalite, cheve l' yo byen long, li nwa tankou yon kònèy.
  12. 12 Je l' yo tankou je pijon bò larivyè. Yo lave ak lèt, epi yo byen ranje.
  13. 13 Machwè l' yo tankou jaden fèy santi bon, tankou flè santi bon. Bouch li yo tankou flè lis, y'ap degoute lami.
  14. 14 Men l' yo tankou bag lò ak bèl pyè krizolit kole sou yo. Vant li tankou ivwa byen klere, kouvri ak safi.
  15. 15 Janm li yo tankou poto mab, chita sou sipò lò fin. Figi l' tankou peyi Liban, li byen kanpe tankou pye sèd.
  16. 16 Bouch li dous anpil, li bèl anpil. Men mennaj mwen, men zanmi mwen, medam Jerizalèm!

⟨ Chapit Presedan Chante Salomon yo5 Chapit Swivan ⟩