ChanteSalomon 3 KreyolAyisyen
🔊 ChanteSalomon 3
KreyolAyisyen
🔇 Audio not available
Expected:
wwwroot/BibleAudio/KreyolAyisyen/OldTestament/ChanteSalomon/3.mp3
- 1 Lannwit, sou kabann mwen, m'ap chache moun nanm mwen renmen an. M'ap chache l', men m' pa jwenn li.
- 2 M'ap leve kounye a, m'ap mache nan tout lavil la, nan lari yo, nan mitan gran chemen yo, m'ap chache moun nanm mwen renmen an. M'ap chache l', mwen pa jwenn li.
- 3 Gad k'ap mache toupatou nan lavil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Nou wè moun mwen renmen an?
- 4 Mwen te fèk kite yo, men mwen jwenn moun nanm mwen renmen an. Mwen kenbe l'. Mwen pa t' lage l' jouktan mwen mennen l' lakay manman m', nan chanm moun ki te mete m' nan vant li.
- 5 Nou menm medam lavil Jerizalèm, m'ap mande nou sou tèt gazèl ak kabrit ki nan savann yo: Pa deranje mennaj mwen an, pa reveye l' jouktan li vle.
- 6 Kilès sa a k'ap soti nan dezè a tankou poto lafimen, santi bon ak lami ak lansan, ak tout kalite poud machann?
- 7 Gade kabann li! Se pou Salomon li ye! Gen swasant vanyan sòlda bò kote l', pami vanyan sòlda pèp Izrayèl yo.
- 8 Yo tout gen nepe nan men yo, yo tout abil nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare sou kwis yo tèlman yo pè yo lannwit.
- 9 Wa Salomon te fè yon cha pou li ak bwa peyi Liban.
- 10 Li fè poto l' yo an ajan, pye l' yo an lò. Twati a te koulè wouj violèt. Mwatye l' yo te pave ak lanmou pou medam Jerizalèm yo.
- 11 Ale non, pitit fi Siyon yo, gade wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou li jou maryaj li a, jou kè l' te kontan anpil.