ElohimEmet

Amos 9 KreyolAyisyen

🔊 Amos 9 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Mwen te wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: Frape travès pòt la, pou poto yo tranble. Kase yo tout nan tèt. M'ap touye tout rès yo ak nepe a. Sa ki va kouri p'ap kouri ankò. Sa ki va chape p'ap ka sove.
  2. 2 Menm si yo fouye twou pou yo antre nan peyi kote mò yo ye a, m'ap pran yo la. Menm si yo monte anwo nan syèl la, m'ap fè yo desann.
  3. 3 Menm si yo kache tèt mòn Kamèl, m'ap chache yo, m'ap mete yo deyò. Menm si yo kache nan fon lanmè a pou mwen pa wè yo, m'ap bay sèpan an lòd pou l' mòde yo.
  4. 4 Menm si lènmi yo ta fè yo prizonye pou l' al pran yo, m'ap bay lòd pou yo touye yo. M'ap voye je m' sou yo, se pou m' fè yo mal, se pa pou m' fè yo byen.
  5. 5 Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, se li menm ki pral manyen latè, latè ap fonn. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap gonfle tankou dlo larivyè, l'ap nwaye tankou larivyè peyi Lejip.
  6. 6 Se li menm ki bati kay li anwo nan syèl la. Li mete sòlda li yo an plas sou latè. Li rele dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Se Seyè a ki non li.
  7. 7 Èske nou pa tankou pitit Etyopyen yo pou mwen, nou menm moun Izrayèl yo? Se mwen menm Seyè a ki di sa. Èske se pa mwen ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? Èske se pa mwen ki te fè moun Filisti yo soti Kaptò, ak moun Siri yo soti Kir?
  8. 8 Gade, je Seyè a, Bondye a, ap veye sou peyi ki nan peche a. Mwen pral detwi l' sou latè. Mwen p'ap detwi tout fanmi Jakòb la nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
  9. 9 Paske, gade, mwen pral bay lòd, epi mwen pral vannen pèp Izrayèl la nan mitan tout nasyon yo, tankou yo vannen mayi nan yon paswa, men pa yon ti grenn p'ap tonbe atè.
  10. 10 Tout moun nan pèp mwen an ki fè sa ki mal pral mouri anba kout nepe. Yo tout k'ap di: Malè a p'ap rive sou nou, ni k'ap vin jwenn nou.
  11. 11 Jou sa a, m'a kanpe kay David la ki te tonbe a, m'a bouche fant li yo, m'a kanpe mazi li yo. M'a rebati l' jan l' te ye nan tan lontan.
  12. 12 Konsa, yo ka pran rès moun Edon yo ansanm ak tout lòt nasyon yo te mete non mwen an pou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
  13. 13 Men jou yo ap vini, se sa Seyè a di. Moun k'ap travay latè a pral jwenn moun k'ap ranmase rekòt la, moun k'ap kraze rezen an pral jwenn moun k'ap simen an. Rezen dous pral koule sou mòn yo, tout ti mòn yo pral fonn.
  14. 14 M'ap mennen pèp Izrayèl mwen an tounen nan peyi a. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven yo. Y'a fè jaden tou, y'a manje fwi yo.
  15. 15 M'ap plante yo nan peyi yo a, yo p'ap janm derasinen yo ankò nan peyi mwen te ba yo a. Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki di sa.

⟨ Chapit Presedan Amos9