3Jan 1 KreyolAyisyen
🔊 3Jan 1
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Mwen ekri lèt sa a pou Gayis, yon moun mwen renmen anpil nan laverite.
- 2 Zanmi m, mwen swete plis pase tout bagay pou ou pwospere epi pou ou an sante, menm jan nanm ou pwospere.
- 3 Paske mwen te kontan anpil lè frè yo te vini, yo te rann temwayaj sou verite ki nan ou, jan ou ap mache nan verite a.
- 4 Pa gen pi gwo lajwa pou mwen pase lè m tande pitit mwen yo ap mache nan verite a.
- 5 Zanmi mwen, ou fè travay ou fidèlman nan tout sa w ap fè pou frè yo ak pou etranje yo.
- 6 Yo menm te rann temwayaj devan legliz la sou jan ou gen lanmou. Si ou kontinye sipòte yo jan Bondye vle, ou fè sa ki byen.
- 7 Paske se poutèt non Jezi yo te pati, yo pa t pran anyen nan men moun lòt nasyon yo.
- 8 Se poutèt sa, nou menm moun konsa, nou dwe resevwa yo byen, pou nou ka patisipe nan travay laverite a.
- 9 Mwen te ekri legliz la. Men Diyotrèf, ki renmen gen pouvwa pami yo, pa vle resevwa nou.
- 10 Se poutèt sa, lè m vini, m ap raple sa l ap fè: tout move pawòl li ap di sou nou. Li pa kontante l ak sa; li pa resevwa frè yo. Moun ki ta vle resevwa yo, li anpeche yo fè sa, epi li chase yo deyò legliz la.
- 11 Zanmi m, pa swiv sa ki mal, men swiv sa ki byen. Moun ki fè sa ki byen se moun Bondye; moun ki fè sa ki mal pa janm wè Bondye.
- 12 Tout moun pale byen pou Demetriyis, epi laverite a pale byen pou li tou. Nou menm tou nou bay bon temwayaj, epi ou konnen temwayaj nou an se verite.
- 13 Mwen gen anpil bagay pou m ekri ou, men mwen pa vle ekri ou ak lank ak plim.
- 14 Men mwen espere m ap wè ou talè konsa, epi n ap pale fasafas. Benediksyon pou ou. Zanmi nou yo salye ou. Di zanmi yo bonjou, chak pa non yo.
3 Jan1