2Wa 24 KreyolAyisyen
🔊 2Wa 24
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Nan rèy Jojakim, Nèbikadneza, wa Babilòn, anvayi peyi a. Jojakim te sèvi l' pandan twazan. Apre sa, li vire do ba li, li revòlte kont wa Babilòn lan.
- 2 Seyè a voye bann moun Kaldeyen, bann moun Siri, bann moun Moab ak bann moun Amon yo kont Jida pou detwi l', jan Seyè a te di nan bouch pwofèt li yo.
- 3 Se te lòd Seyè a pou l' te chase Jida devan je l' poutèt tout peche Manase te fè yo.
- 4 Epi pou san inosan li te koule a, paske li te plen Jerizalèm ak san inosan. Seyè a pa t' vle padonnen sa.
- 5 Tout rès istwa Jojakim lan ak tout sa li te fè yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo.
- 6 Jojakim mouri, epi Jojakin, pitit gason l' lan, moute wa nan plas li.
- 7 Wa peyi Lejip la pa t' soti ankò, paske wa Babilòn lan te pran tout tè ki te pou peyi Lejip, depi larivyè Lejip rive nan larivyè Lefrat.
- 8 Jojakin te gen dizwitan lè li te kòmanse wa. Li te gouvènen pandan twa mwa nan Jerizalèm. Manman l' te rele Neouchta, pitit fi Elnatan, moun Jerizalèm.
- 9 Li fè sa ki mal devan Seyè a, menm jan papa l' te fè.
- 10 Nan menm epòk sa a, sèvitè Nèbikadneza, wa Babilòn nan, moute al atake Jerizalèm. Yo sènen lavil la.
- 11 Nèbikadneza, wa Babilòn nan, vini pandan sèvitè l' yo t'ap sènen lavil la.
- 12 Jojakin, wa Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn nan, li menm, manman l', sèvitè l', chèf li yo ak ofisye li yo. Wa Babilòn nan fè l' prizonye nan wityèm ane rèy li.
- 13 Li pran tout trezò ki te nan kay Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bagay an lò Salomon te fè pou Tanp Seyè a, jan Seyè a te di.
- 14 Li depòte tout Jerizalèm: tout chèf yo, tout vanyan sòlda yo, dis mil prizonye, tout atizan ak bòs fòjon yo. Pa t' gen moun ki rete eksepte pi pòv yo nan peyi a.
- 15 Li depòte Jojakin, manman wa a, madanm wa yo, chèf li yo ak tout grannèg peyi a. Li mennen yo Babilòn.
- 16 Li depòte sèt mil sòlda, mil atizan ak bòs fòjon, tout gason ki te vanyan pou fè lagè. Wa Babilòn nan mennen yo Babilòn.
- 17 Wa Babilòn lan mete Matanya, tonton Jojakin, wa nan plas li. Li chanje non l', li rele l' Sedesyas.
- 18 Sedesyas te gen venteyen an lè li te kòmanse wa. Li te gouvènen pandan onz ane nan Jerizalèm. Manman l' te rele Amoutal, pitit fi Jeremi, moun Libna.
- 19 Li fè sa ki mal devan Seyè a, menm jan Jojakim te fè.
- 20 Seyè a te fache anpil sou Jerizalèm ak sou Jida, jouk li te fin chase yo devan je l'. Sedesyas te revòlte kont wa Babilòn lan.