2Wa 21 KreyolAyisyen
🔊 2Wa 21
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Manase te gen douzan lè li te kòmanse wa, li te gouvènen nan Jerizalèm pandan senkant-senk an. Manman l' te rele Efziba.
- 2 Li fè sa ki mal nan je Seyè a, dapre vye prensip nasyon Seyè a te chase devan pèp Izrayèl la.
- 3 Li rebati kote ki wo yo Ezekyas, papa l', te detwi yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera tankou Akab, wa Izrayèl la. Li adore tout zetwal ki nan syèl la, epi li sèvi yo.
- 4 Li bati lotèl nan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di: Se la m'ap mete non mwen.
- 5 Li bati lotèl pou tout zetwal ki nan syèl la nan de lakou kay Seyè a.
- 6 Li fè pitit gason l' lan pase nan dife. Li fè maji, li fè divinò, li konsilte moun ki rele mò ak moun ki fè maji. Li fè anpil mechanste devan Seyè a pou fè l' fache anpil.
- 7 Li mete estati Achera li te fè fè a nan Tanp lan, atout Seyè a te di David ak Salomon: Se nan Tanp sa a, nan Jerizalèm, kote mwen chwazi nan tout branch fanmi Izrayèl la, m'ap mete non mwen pou tout tan.
- 8 Si yo veye kò yo pou yo mache dapre tout kòmandman mwen te ba yo, yo p'ap deplase ankò nan peyi mwen te bay zansèt yo.
- 9 Men yo pa t' koute. Manase te fè yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te detwi devan pèp Izrayèl la.
- 10 Seyè a pale ak pwofèt li yo, sèvitè li yo, li di:
- 11 Paske Manase, wa Jida a, fè bagay degoutan sa yo, li fè pi mal pase Amorit yo ki te la anvan l', li fè Jida tonbe nan peche ak zidòl li yo,
- 12 Men sa Seyè a di: M'ap voye yon gwo malè sou Jerizalèm ak sou Jida. Nenpòt moun ki tande sa, zòrèy yo va toudi.
- 13 M'ap lonje sou Jerizalèm menm fil ki te pou Samari a ak fil fanmi Akab la. M'ap netwaye Jerizalèm tankou yon moun ki lave yon asyèt, epi li vire l' tèt anba.
- 14 M'ap lage rès moun ki rete nan peyi m' lan nan men lènmi yo. Yo va piye yo, yo va pran yo.
- 15 Paske yo fè sa ki mal devan je m', yo fè m' fache depi jou zansèt yo te soti kite peyi Lejip jouk jounen jodi a.
- 16 Manase te vide anpil san inosan, jouk Jerizalèm te plen nèt. San konte tout peche li te fè Jida a, li te fè sa ki mal nan je Seyè a.
- 17 Tout rès istwa Manase a, tout sa li te fè ak tout peche li te fè yo, yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo.
- 18 Lè Manase mouri, yo antere l' nan jaden lakay li, jaden Ouza a. Amon, pitit gason l' lan, gouvènen nan plas li.
- 19 Amon te gen venndezan lè li te kòmanse wa, epi li te gouvènen pandan dezan nan Jerizalèm. Manman l' te rele Mechoulemèt, pitit fi Awouz, moun Jotba.
- 20 Li fè sa ki mal devan Seyè a, tankou Manase, papa l', te fè.
- 21 Li mache nan tout chemen papa l' te mache yo. Li sèvi zidòl papa l' te sèvi yo, li adore yo.
- 22 Li vire do bay Seyè a, Bondye zansèt li yo. Li pa mache nan chemen Seyè a.
- 23 Sèvitè Amon yo fè konplo kont li, yo touye wa a anndan palè li.
- 24 Moun nan peyi a touye tout moun ki te fè konplo kont Amon an, epi yo mete Jozyas, pitit gason l' lan, wa nan plas li.
- 25 Tout rès istwa Amon an, tou sa li te fè, ekri nan liv Istwa wa Jida yo.
- 26 Yo antere l' nan kavo li, nan jaden Ouza a. Jozyas, pitit gason l' lan, moute wa nan plas li.