ElohimEmet

2Samyel 9 KreyolAyisyen

🔊 2Samyel 9 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 David di: Èske gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè l' byen poutèt Jonatan?
  2. 2 Te gen yon sèvitè lakay Sayil ki te rele Ziba; yo fè chache l', yo mennen l' devan David. Wa a mande: Se ou menm Ziba? Li reponn: Se sèvitè ou la mwen ye.
  3. 3 Wa a mande ankò: Pa gen moun nan fanmi Sayil la ankò pou m' ka fè l' wè favè Bondye? Ziba reponn: Gen yon pitit gason Jonatan ki enfim nan pye l'.
  4. 4 Wa a mande: Kote l' ye? Ziba reponn: Li lakay Maki, pitit Amiyèl la, nan Lodeba.
  5. 5 Wa David voye chache l'; li soti lakay Maki, pitit Amiyèl la, nan Lodeba.
  6. 6 Lè Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive bò kote David, li bese tèt li jouk atè. David di: Mefibochèt! Li reponn: Men mwen, sèvitè ou la.
  7. 7 David di: Ou pa bezwen pè; m'ap fè ou byen poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, papa ou; epi w'a toujou manje sou tab avè m'.
  8. 8 Li bese tèt li, li di: Kisa sèvitè ou ye pou ou gade yon chen mouri tankou mwen?
  9. 9 Wa a rele Ziba, sèvitè Sayil la, li di: Mwen bay pitit gason mèt ou a tout sa ki te pou Sayil ak tout fanmi li.
  10. 10 Ou menm, pitit gason ou yo ak sèvitè ou yo, n'a travay tè a pou li; n'a ranmase rekòt la pou pitit gason mèt ou a ka gen manje. Men Mefibochèt, pitit gason mèt ou a, va toujou manje sou tab avè m'. Ziba te gen kenz pitit gason ak ven sèvitè.
  11. 11 Ziba reponn wa a: M'ap fè tout sa monwa bay lòd pou mwen. Mefibochèt menm, wa a di: L'ap manje sou tab avè m' tankou yonn nan pitit wa yo.
  12. 12 Mefibochèt te gen yon ti pitit gason ki rele Mika; tout moun ki te rete lakay Ziba te sèvitè Mefibochèt.
  13. 13 Se konsa Mefibochèt rete Jerizalèm; li te toujou ap manje sou tab wa a. Men li te enfim nan tou de pye l'.

⟨ Chapit Presedan 2 Samyel9 Chapit Swivan ⟩