2Kwonik 22 KreyolAyisyen
🔊 2Kwonik 22
KreyolAyisyen
🔇 Audio not available
Expected:
wwwroot/BibleAudio/KreyolAyisyen/OldTestament/2Kwonik/22.mp3
- 1 Moun ki rete Jerizalèm yo mete Okozyas, dènye pitit gason l' lan, wa nan plas li. Paske yon bann sòlda ki te vin ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran pitit gason yo. Se konsa Okozyas, pitit Joram, te wa nan peyi Jida.
- 2 Okozyas te gen karanndezan lè li te kòmanse wa. Li gouvènen pandan yon ane nan Jerizalèm. Manman l' te rele Atali, pitit fi Omri.
- 3 Li te mache tou nan menm chemen ak moun fanmi Akab yo, paske manman l' te ba li kèk konsèy pou l' fè sa ki mal.
- 4 Se poutèt sa li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou moun fanmi Akab yo. Apre lanmò papa l', se yo menm ki vin sèvi kòm konseye l', sa ki te fè l' pèdi nèt.
- 5 Li te swiv konsèy yo tou, li te ale ansanm ak Joram, pitit gason Akab, wa peyi Izrayèl la, pou al goumen kont Azayèl, wa peyi Siri a, bò Ramòt nan peyi Galarad. Moun Siri yo te bat Joram.
- 6 Li tounen Jizreyèl pou l' te geri poutèt blese li te pran nan Rama, lè l' t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Azarya, pitit Joram, wa peyi Jida a, desann Jizreyèl pou l' wè Joram, pitit Akab, paske Joram te malad.
- 7 Men, se Bondye ki te vle malè Okozyas la lè li te ale wè Joram. Lè Okozyas rive la, li soti ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, moun Seyè a te chwazi pou detwi fanmi Akab la.
- 8 Pandan Jeou t'ap pini fanmi Akab la, li kontre chèf peyi Jida yo ak pitit gason fanmi Okozyas yo ki t'ap sèvi Okozyas. Li touye yo.
- 9 Li chache Okozyas. Yo mete men sou li, paske li te kache nan Samari. Yo mennen l' bay Jeou. Apre sa, yo touye l', epi yo antere l'. Yo t'ap di se te pitit Jozafa ki te sèvi Seyè a ak tout kè l'. Konsa, fanmi Okozyas la pa t' gen fòs pou kenbe gouvènman an.
- 10 Lè Atali, manman Okozyas, wè pitit gason l' lan mouri, li leve, li touye tout fanmi wa peyi Jida a.
- 11 Men Jozabèt, pitit fi wa a, te pran Joas, pitit gason Okozyas la, li vòlè l' nan mitan pitit wa yo te touye yo. Li mete l' ansanm ak nouris li a nan yon chanm. Konsa, Jozabèt, pitit fi wa Joram nan, madanm Jeojada, prèt la (paske li te sè Okozyas), te kache l' pou Atali pa t' touye l'.
- 12 Li te rete kache avèk yo nan kay Bondye a pandan sizan. Atali te gouvènen peyi a.