2Kwonik 10 KreyolAyisyen
🔊 2Kwonik 10
KreyolAyisyen
🔇 Audio not available
Expected:
wwwroot/BibleAudio/KreyolAyisyen/OldTestament/2Kwonik/10.mp3
- 1 Woboram tounen Sichèm, paske tout pèp Izrayèl la te vin Sichèm pou fè l' wa.
- 2 Lè Jewoboram, pitit Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon, wa a, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen lakay li.
- 3 Yo voye chache l'. Jewoboram ansanm ak tout moun Izrayèl yo ale, yo di Woboram konsa:
- 4 Papa ou te mete jouk sou do nou ki te lou anpil. Kounye a, leve yon ti kras soulaje nou. Lè sa a, n'a sèvi ou.
- 5 Li di yo: Tounen vin jwenn mwen nan twa jou. Epi pèp la pati.
- 6 Wa Woboram al jwenn chèf ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', pandan l' te vivan toujou. Li di yo: Ki konsèy nou ban mwen pou m' reponn pèp la?
- 7 Yo di l' konsa: Si ou janti ak pèp sa a, si ou fè yo plezi, si ou pale byen ak yo, y'ap sèvi ou pou tout tan.
- 8 Men, li pa koute konsèy granmoun yo te ba li a. Li al jwenn jèn gason ki te leve ansanm avè l', ki te toujou la avè l'.
- 9 Li di yo: Ki konsèy nou ban mwen pou nou reponn pèp la ki mande m' pou nou leve jouk papa m' te mete sou yo an?
- 10 Jenn gason ki te leve avèk li yo di l' konsa: Men sa ou pral reponn pèp la ki mande ou pou ou mete jouk papa ou sou do yo a, epi ki di ou fè l' pi lejè pou yo a: Ti dwèt mwen ap pi di pase ren papa m'.
- 11 Papa m' te mete yon jouk lou sou do nou, mwen menm m'ap mete yon pi gwo jouk sou nou toujou. Papa m' te bat nou ak fwèt, men mwen menm, m'ap bat nou ak eskòpyon.
- 12 Se konsa, Jewoboram ansanm ak tout pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Woboram twazyèm jou a, jan wa a te di yo a.
- 13 Wa Woboram reponn yo di, li pa koute konsèy granmoun yo.
- 14 Li reponn yo jan jèn gason yo te konseye l' la. Li di yo: Papa m' te mete jouk nou an lou, men mwen menm, m'ap mete l' pi lou toujou. Papa m' te bat nou ak fwèt, men mwen menm, m'ap bat nou ak eskòpyon.
- 15 Wa a pa t' koute pèp la, paske se Bondye menm ki te fè l' fè sa, pou pawòl Seyè a te voye nan bouch Akija, moun Silo a, te ka rive vre sou Jewoboram, pitit Nebat la.
- 16 Lè tout pèp Izrayèl la wè wa a pa t' koute yo, yo reponn wa a. Yo di: Ki pòsyon nou gen ak David? Nou pa gen anyen pou n' fè ak pitit Izayi a. Ann ale lakay nou, nou menm pèp Izrayèl la. Kounye a, David, okipe kay pa ou! Se konsa pèp Izrayèl la ale lakay yo.
- 17 Men, moun Izrayèl ki te rete nan vil Jida yo, Woboram te gouvènen yo.
- 18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te responsab travay kòb yo. Men, moun Izrayèl yo kalonnen li wòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese monte sou cha li, li kouri ale Jerizalèm.
- 19 Depi lè sa a, pèp Izrayèl la vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jodi a.