2Jan 1 KreyolAyisyen
🔊 2Jan 1
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Ansyen an ekri lèt sa a pou dam Bondye chwazi a ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen nan laverite; epi se pa mwen sèlman, men tout moun ki konnen laverite a tou.
- 2 Poutèt verite a ki rete nan nou, epi ki pral avèk nou pou tout tan.
- 3 Gras avèk nou, mizèrikòd, ak lapè, ki soti nan Bondye Papa a ak nan Senyè Jezikri, Pitit Papa a, nan laverite ak nan lanmou.
- 4 Mwen te kontan anpil lè mwen te jwenn kèk nan pitit ou yo k ap mache nan verite a, jan nou te resevwa kòmandman nan men Papa a.
- 5 Kounye a, m ap mande w, Madanm, se pa tankou m ap ekri yon nouvo kòmandman pou ou; men se kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an: se pou nou renmen youn lòt.
- 6 Men sa lanmou vle di: se pou nou mache dapre kòmandman li yo. Se pou nou mache ladan yo, jan nou te tande depi nan konmansman an.
- 7 Paske gen anpil twonpè ki sòti nan lemonn; yo pa konfese Jezikri te vini nan lachè. Moun konsa se yon twonpè, se yon antikris.
- 8 Veye kò nou, pou nou pa pèdi sa nou te travay pou li, men pou nou resevwa tout rekonpans nou.
- 9 Nenpòt moun ki pa rete nan ansèyman Kris la, men ki depase limit li yo, li pa gen Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, li gen Papa a ak Pitit la.
- 10 Si yon moun vin lakay nou epi li pa pote ansèyman sa a, pa resevwa l lakay nou, ni menm salye l.
- 11 Paske moun ki salye l patisipe nan move zak li yo.
- 12 Mwen gen anpil bagay pou m ekri nou, men mwen pa ta vle ekri yo ak papye ak lank; men mwen espere m ap vin lakay nou, pou m pale ak nou fasafas, pou lajwa nou ka konplè.
- 13 Pitit sè ou chwazi a voye bonjou pou ou. Amèn.
2 Jan1