1Samyel 7 KreyolAyisyen
🔊 1Samyel 7
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Apre sa, moun Kiryat-Jearim yo te vini, yo te pran Bwat Kontra Seyè a. Yo te pote l’ lakay Abinadab, sou tèt mòn nan. Yo mete Eleaza, pitit gason Abinadab la, apa pou l’ te veye Bwat Kontra Seyè a.
- 2 Bwat la te rete yon bon tan Kiryat-Jearim; sa te fè ventan. Tout pèp Izrayèl la t’ap kriye pou Seyè a.
- 3 Samyèl pale ak tout pèp Izrayèl la, li di yo: Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou, se pou nou wete tout bondye lòt nasyon yo ak tout estati Astate yo nan mitan nou. Se pou nou vin sèvi Seyè a nèt, se pou nou sèvi li menm sèl. Lè sa a, li va delivre nou anba men moun Filisti yo.
- 4 Lè sa a, pèp Izrayèl la te retire Baal yo ak Achtaròt yo; yo te sèvi Seyè a sèlman.
- 5 Samyèl di yo: Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m’a lapriyè Seyè a pou nou.
- 6 Yo tout te rasanble lavil Mispa, yo tire dlo, yo vide l’ atè devan Seyè a. Jou sa a, yo fè jèn. Epi yo di: Nou peche kont Seyè a. Samyèl te jije pèp Izrayèl la nan Mispa.
- 7 Lè moun Filisti yo tande pèp Izrayèl la te rasanble Mispa, chèf moun Filisti yo monte al atake pèp Izrayèl la. Lè pèp Izrayèl la tande sa, yo vin pè moun Filisti yo.
- 8 Epi pèp Izrayèl la di Samyèl: Pa sispann kriye nan pye Seyè a, Bondye nou an, pou nou, pou li ka sove nou anba men moun Filisti yo.
- 9 Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l’ nèt, li ofri l’ bay Seyè a. Lè sa a, Samyèl kriye nan pye Seyè a pou pèp Izrayèl la, epi Seyè a reponn lapriyè.
- 10 Pandan Samyèl t’ap ofri ofrann boule a, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la pou yo goumen. Men jou sa a, Seyè a voye yon gwo loraj sou moun Filisti yo; li fè yo pèdi tèt yo, epi yo te pèdi batay la devan pèp Izrayèl la.
- 11 Moun Izrayèl yo soti Mispa, yo kouri dèyè moun Filisti yo, yo bat yo byen bat jouk yo rive toupre Bètka.
- 12 Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l’ ant Mispa ak Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t’ap di: Jouk jounen jòdi a Seyè a pote nou sekou.
- 13 Se konsa moun Filisti yo te vin pèdi tèt yo; yo pa janm tounen nan teritwa pèp Izrayèl la ankò. Seyè a te kenbe tèt ak yo pandan tout tan Samyèl te vivan.
- 14 Tout lavil moun Filisti yo te pran nan men pèp Izrayèl la te tounen bay pèp Izrayèl la, depi Ekwon rive Gat. Izrayèl te delivre tout teritwa ki te sou kont moun Filisti yo. Epi te gen lapè ant pèp Izrayèl la ak moun Amori yo.
- 15 Samyèl te jije Izrayèl tout jou lavi li.
- 16 Chak ane, li te fè vizit nan Betèl, Gilgal ak Mispa; li te jije pèp Izrayèl la nan tout kote sa yo.
- 17 Apre sa, li te retounen Rama, paske se la kay li te ye. Se la li te jije pèp Izrayèl la. Li te bati yon lotèl pou Seyè a.