1Samyel 27 KreyolAyisyen
🔊 1Samyel 27
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 David di nan kè li: Yon jou konsa Sayil ap fini pa touye mwen. Pi bon bagay pou mwen se sove nan peyi Filisti yo. Konsa, Sayil p ap chache mwen ankò nan tout peyi Izrayèl la, epi m ap chape anba men li.
- 2 David leve, li ale ak sis san gason li yo lakay Akich, pitit Maòk la, wa Gat la.
- 3 David rete lakay Akich nan Gat, li menm ak mesye li yo, chak moun ak fanmi yo. David te gen de madanm: Akinoam, moun Jizreyèl, ak Abigayèl, madanm Nabal, moun Kamèl.
- 4 Yo di Sayil David te kouri al Gat. Sayil sispann chache li.
- 5 David di Akich: Si ou kontan mwen, ban mwen yon vil andeyò pou m rete. Mwen pa bezwen rete nan vil wa a.
- 6 Akich ba li Ziklag jou sa a. Se poutèt sa Ziklag rete pou wa Jida yo jouk jodi a.
- 7 David te pase yon ane ak kat mwa nan peyi Filisti a.
- 8 David ak mesye li yo anvayi peyi Jechou yo, peyi Gezrit yo ak peyi Amalèk yo. Depi lontan pèp sa yo te rete nan peyi a, depi Chour rive Lejip.
- 9 David detwi peyi a, li pa kite ni gason ni fanm vivan. Li pran mouton, bèf, bourik, chamo, rad, epi li tounen al jwenn Akich.
- 10 Akich mande: Ki kote ou te ale jodi a? David reponn: Nan sid peyi Jida, nan sid Jerakmeyèl yo, ak nan sid Kenit yo.
- 11 Men David pa t kite ni gason ni fanm vivan pou yo pa al rakonte sa li te fè. Se konsa li te fè pandan tout tan li te rete nan peyi Filisti a.
- 12 Akich te fè David konfyans, li t ap di: Li fè pèp Izrayèl la rayi li nèt. Li va toujou rete sèvitè mwen.