1Jan 1 KreyolAyisyen
🔊 1Jan 1
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Sa ki te la depi nan konmansman an, sa nou te tande, sa nou te wè ak je nou, sa nou te gade byen klè, sa nou te touche ak men nou, nan Pawòl lavi a;
- 2 Paske lavi a te manifeste, nou te wè l, nou temwaye, epi nou fè nou konnen lavi etènèl la, lavi ki te avèk Papa a, lavi ki te manifeste ban nou an;
- 3 Sa nou te wè a ak sa nou te tande a, n ap fè nou konnen l, pou nou menm tou nou ka gen kominyon avèk nou. Kominyon nou tout bon vre se avèk Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.
- 4 Epi, n ap ekri nou bagay sa yo, pou lajwa nou ka konplè.
- 5 Men mesaj nou te tande pale de li a, epi m ap fè nou konnen l lan: Bondye se limyè, pa gen fènwa ditou nan li.
- 6 Si nou di nou gen kominyon avèk li, epi nou mache nan fènwa, n ap bay manti, nou pa fè verite a.
- 7 Men, si nou mache nan limyè a, menm jan li menm li nan limyè a, nou gen kominyon youn ak lòt, epi san Jezikri, Pitit li a, ap netwaye nou anba tout peche.
- 8 Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n ap twonpe, laverite pa nan nou.
- 9 Si nou konfese peche nou yo, li fidèl epi li jis pou padone peche nou yo, epi pou netwaye nou anba tout lenjistis.
- 10 Si nou di nou pa fè peche, nou fè Bondye pase pou mantè, pawòl li pa nan nou.
1 Jan1
Chapit Swivan ⟩